Yon mesaj kouraj ak vijilans pou Kominote Ayisyen an anba TPS
Nan moman difisil sa a, òganizasyon L’Unification des Citoyens Haïtiens pour une Nouvelle Haïti vle voye yon gwo salitasyon pou kouraj ak detèminasyon plis pase 350,000 frè ak sè ayisyen k ap viv Ozetazini, ansanm ak dè santèn de milyon fanmi an Ayiti ak toupatou nan mond lan ki depann dirèkteman de sipò finansye yo.
Desizyon gouvènman Donald Trump lan pran pou l mete yon fren nan pwogram TPS la (Tanporè Status Pwoteksyon) lage anpil nan nou nan gwo tèt chaje. Jodi a, anpil nan nou pèdi travay nou, malgre majorite antreprenè ameriken yo rekonèt piblikman ke Ayisyen se moun serye, ki travay di, epi ki pote yon kontribisyon ekstraòdinè nan ekonomi peyi sa a.
Nou konnen n ap soufri, e nou konnen fanmi nou an Ayiti ap soufri tou. Sa ki pi rèd la, gen jèn ki te rive isit la depi lè yo te gen 2 oswa 3 zan, ki gen plis pase 20 ane depi y ap grandi nan kilti sa a, ki wè tout avni yo riske anba desizyon sa a.
Bon nouvèl la ak nesesite pou n rete kalm
Malgre tout presyon sa yo, gen yon ti souf: TPS la repwoli jiska 24 jiyè. Nan moman n ap pale la a, gen anpil avoka imigrasyon, manm Kongrè a (gason kou fanm) k ap goumen san pran souf pou kominote a ka jwenn yon estati legal pèmanan nan peyi a.
Se poutèt sa, nou mande tout moun pou yo rete kalm epi montre anpil vijilans.
Kèk konsèy sekirite enpòtan pou moman an:
Pou pwoteje tèt nou ak avni fanmi nou, li enpòtan pou nou swiv konsèy pratik sa yo nan lavi chak jou nou:
Pa kondwi si lisans ou ekspire: Pa pran risk sa a menm si se pou yon ti distans. Yon senp arè polis ka tounen yon gwo pwoblèm imigrasyon.
Evite soti san nesesite: Rete lakay nou otank posib si nou pa gen yon bagay ijan oswa enpòtan pou nou regle deyò a.
Sispann pale nan telefòn an piblik: Lè nou nan lari oswa nan makèt, evite pale nan telefòn fò, sitou nan lang pa nou, pou nou pa atire atansyon sou nou san bezwen nan moman tansyon sa a.
Nou la avèk nou
Nou vle nou konnen nou pa pou kont nou. Òganizasyon L’Unification des Citoyens Haïtiens pour une Nouvelle Haïti renmen nou anpil. Nou kanpe la ak nou, epi nou pap janm sispann defann koz nou ak dwa nou nan peyi sa a.
Pou n ka rete enfòme sou tout evolisyon sitiyasyon an ak pou plis detay, nou envite n vizite sit wèb nou an regilyèman nan: www.unificationofhaitiancitizens.org.
Kenbe fèm, pa pèdi espwa, epi n ap kontinye goumen ansanm! WILNICK CADET PREZIDAN UHCNH